Kesyon Vòt #3: Mezire Vrè Pri Lavi an

BALLOT QUESTIONS

Three questions will appear on your ballot November 8, 2022. Learn more about what’s on your ballot below.

Kesyon Vòt #3: Mezire Vrè Pri Lavi an

Pwopozisyon sa a pral amande Manman Lwa Vil la pou:

Egzije pou Vil la kreye yon mezi pou “vrè pri lavi an” pou suiv konbyen sa koute toutbon nan Vil New York pou satisfè bezwen esansyèl yo, tankou paregzanp lojman, manje, gadri, transpò, ak lòt depans ki nesesè, epi san konsidere asistans ni piblik, ni prive, ni enfòmèl, pou jwenn enfòmasyon k ap ede nan desizyon sou pwogram ak politik yo; epi

Egzije pou administrasyon Vil la fè rapò chak ane sou mezi “vrè pri lavi an”.

Èske yo dwe adopte pwopozisyon sa a?

Tèks abstrè bilten vòt

Pwopozisyon sa a pral egzije pou gouvènman Vil la elabore ak rapòte, kòmanse an 2024, yon mezi “vrè pri lavi” ànyèl pou konbyen sa koute pou viv nan Vil New York san konsidere asistans ni piblik, ni prive, ni enfòmèl. Mezi ki pwopoze a fèt pou konsantre sou diyite olye de sou pòvrete, paske l ap konsidere pri satisfè bezwen esansyèl tankou, pami lòt bagay, lojman, gadri, depans pou timoun ak depandan, manje, transpò, swen medikal, rad, pwodui ijyèn jeneral, pwodui netwayaj, atik pou kay, sèvis telefòn, ak sèvis entènèt.

Yo dwe rapòte mezi “vre pri lavi an” anplis estanda ki sèvi yo pou mezire pòvte oswa etabli kalifikasyon pou avantaj piblik. Li p ap kreye dwa aksyon ni dirèk ni endirèk.