Kesyon Vòt #2: Etabli yon Biwo, Plan ak Komisyon Ekite Rasyal

BALLOT QUESTIONS

Three questions will appear on your ballot November 8, 2022. Learn more about what’s on your ballot below.

Kesyon Vòt #2: Etabli yon Biwo, Plan ak Komisyon Ekite Rasyal

Pwopozisyon sa pral amande Manman Lwa Vil la pou :

Egzije Plan Ekite Rasyal pou tout vil la ak ajans espesifik chak de (2) zan. Plan an pral gen ladan estrateji ak objektif pou amelyore ekite rasyal epi redwi oswa elimine inegalite rasyal yo;

Etabli yon Biwo Ekite Rasyal (Office of Racial Equity) epi nonmen yon Ofisye Ekite anchèf (Chief Equity Officer) pou fè pwogrese ekite rasyal epi kowòdone pwosesis planifikasyon ekite rasyal vil la. Biwo an pral sipòte ajans vil yo nan amelyore aksè nan sèvis ak pwogram vil la pou moun ak kominote sa yo ki te afekte de fason negatif pa politik oswa aksyon anvan yo, epi kolekte epi rapòte done ki gen rapò ak ekite; epi

Etabli yon Komisyon sou Ekite Rasyal (Commission on Racial Equity), ki nonmen pa ofisyèl ki eli nan Vil la. Lè yo fè nominasyon nan Komisyon sa a, ofisyèl eli yo ta dwe konsidere moun ki nonmen ki reprezante oswa ki gen eksperyans nan defann yon seri kominote divès. Komisyon an pral idantifye ak pwopoze priyorite pou enfòme pwosesis planifikasyon ekite rasyal la epi revize ajans ak Plan Ekite rasyal nan tout vil la.

Èske pwopozisyon sa a dwe adopte?

Tèks abstrè bilten vòt

Pwopozisyon sa a pral kreye yon Biwo Ekite Rasyal (Office of Racial Equity), egzije yon Plan Ekite Rasyal nan tout vil la chak dezan, epi kreye yon Komisyon Ekite Rasyal (Commission on Racial Equity) pou reprezante bezwen kominote yo epi revize piblikman Plan Ekite Rasyal nan vil la. Ekite rasyal vle di reyalizasyon ekite ak yon anfaz patikilye sou ras ak karakteristik kwaze epi li gen ladann yon pwosesis pou redwi diferans ki genyen nan byennèt ant gwoup rasyal, nan objektif pou garanti plis ekite pou tout moun.

Administrasyon Vil Nouyòk pa gen yon ajans ki konsantre l espesyalman sou kreye ak pwomouvwa ekite, avèk yon anfaz sou ekite rasyal. Pwopozisyon sa a etabli yon kad pou planifikasyon ak evalye efò administrasyon vil la pou fè pwomosyon ekite.

Biwo Ekite Rasyal

Amannman ki pwopoze a pral kreye yon Biwo Ekite Rasyal (Office of Racial Equity), k ap dirije pa yon Ofisye Ekite anchèf (Chief Equity Officer) ke Majistra a nonmen, nan nivo chèf ajans oswa majistra adjwen. Biwo a pral disponib pou travay avèk chak ajans vil la pou fòme epi bay asistans teknik sou ekite rasyal. Chak dezan, chak ajans vil la, avèk konsèy Biwo Ekite Rasyal la, pral devlope yon Plan Ekite Rasyal.

Biwo a pral enkòpore Plan Ekite Rasyal ajans lan nan yon Plan Ekite Rasyal pou tout vil la. Biwo an pral etabli estanda pou ajans yo konsènan koleksyon ak rapò done pou mezire diferans ki genyen nan byennèt nan nivo rasyal, etnik, oswa lòt gwoup ak kominote yo. Biwo Ekite Rasyal la pral idantifye “katye priyorite” yo dwe mete aksan sou yo nan Plan Ekite Rasyal yo selon inegalite ki genyen nan ekite, sante, oswa fado sosyoekonomik yo, oswa sou potansyèl katye a pou yo afekte yon fason ki non pwopòsyonèl pa evènman fiti ki ta ka agrave diferans sa yo.

Anplis wòl li nan pwosesis devlopman Plan Ekite Rasyal la, Biwo Ekite Rasyal la pral etabli yon pwogram Konsepsyon Aksè nan tout vil (Citywide Access Design program) la pou ogmante aksè ekitab epi redwi baryè ki genyen nan pwogram, sèvis, kominikasyon ak pran desizyon nan vil la. Biwo Ekite Rasyal la pral sipòte tou ajans yo nan priyorize devlopman ak aplikasyon politik ak pratik pou adrese “majinalizasyon” moun oswa kominote yo, ki pral gen ladan travay pou limite itilizasyon kazye jidisyè ak verifikasyon antesedan, etabli altènatif pou ranfòsman pinitif, amelyore anbochaj ekitab ak pwomosyon nan mendèv Vil la, kreye distribisyon ekitab nan resous atravè katye yo, epi redwi oswa elimine segregasyon salè oswa pwofesyonèl.

Pwopozisyon an pral kodifye tou Gwoup Travay sou Enklizyon Rasyal ak Ekite (Taskforce on Racial Inclusion and Equity), ki te kreye an 2020 an. Dapre pwopozisyon sa a, Gwoup Travay sou Enklizyon Rasyal ak Ekite la pral lokalize nan Biwo Ekite Rasyal la epi dirije pa youn oswa plizyè prezidan ki nonmen pa Ofisye Ekite anchèf la an konsiltasyon avèk Majistra a ak lòt manm ki nonmen pa Ofisye Ekite anchèf la an kolaborasyon ak ajans travay yo. Gwoup Travay sou Enklizyon ak Ekite Rasyal la ta bay Ofisye Ekite Anchèf la konsèy politik epi kowòdone efò administrasyon an pou ogmante ekite rasyal la.

Plan Ekite Rasyal

Amannman ki pwopoze pral egzije Majistra a pou l kreye yon Plan Ekite Rasyal nan tout vil la ak ajans pou kreye Plan Ekite Rasyal chak dezan. Plan Ekite Rasyal nan tout vil la ak Plan Ekite Rasyal ajans yo, jan sa dekri pi wo a, pral idantifye epi kominike piblikman objektif ak estrateji a kout tèm epi a long tèm yo, pou amelyore ekite rasyal ak jistis. Plan yo pral genyen tou endikatè done, ki gen ladan mezi nivo katye yo, pou mezire nivo pwogrè nan travay ekite rasyal epi montre efè travay la ap genyen sou byennèt ak inegalite. Pwogrè sa pral enkli nan yon rapò pwogrè chak dezan. Kalandriye planifikasyon ekite rasyal la estriktire pou eklere pwosesis planifikasyon bidjè a.

Delè ak Kalandriye

Yon brouyon premye Plan an ta dwe delivre pa pita ke 16 janvye 2024, ak plan final lan ki dwe delivre pa pita ke 26 avril 2024, ansanm ak bidjè preliminè ak egzekitif Majistra a. Estrateji a kout tèm yo pral adrese de (2) ane fiskal k ap vini yo. Premye rapò konplè pwogrè an ta dwe rive

an septanm 2026. Kalandriye sa a fèt pou ankouraje ajans yo mete estrateji ekite yo ansanm pandan y ap mete bidjè yo ansanm, epi lè yo fè sa, pèmèt estrateji ekite sa yo eklere bidjè depans ak kapital yo.

Komisyon sou Ekite Rasyal

Amannman ki pwopoze pral kreye yon Komisyon sou Ekite Rasyal (Commission on Racial Equity) ki konpoze de 15 moun ki abite Vil Nouyòk, ki gen entansyon mete pèspektiv kominote Vil Nouyòk yo nan pwosesis pou pran

desizyon yo. Komisyon an pral idantifye epi pwopoze priyorite kominotè yo pou eklere pwosesis planifikasyon ekite rasyal la, epi revize epi fè kòmantè piblik sou ajans ak Plan Ekite rasyal nan tout vil la, ki enkli done yo ta dwe kolekte yo. Komisyon an pral siveye tou piblikman konfòmite ajans lan nan pwosesis planifikasyon ekite rasyal la, epi li ka resevwa plent sou konduit ajans lan ki petèt ogmante inegalite rasyal.

Komisyonè yo

Komisyon an pral dirije pa yon prezidan ke Majistra a ak Prezidan Konsèy Vil la nonmen ansanm. Majistra a pral nonmen sèt (7) komisyonè. Prezidan Konsèy Vil la ta dwe nonmen senk komisyonè, ak yon reprezantan nan chak minisipalite. Kontwolè an ta dwe nonmen yon komisyonè, epi Avoka piblik lan ta dwe nonmen yon komisyonè. Yon moun Majistra nonmen ak yon reprezantan Prezidan Konsèy Vil la nonmen ta dwe reprezante pèspektiv ak enkyetid Nouyòkè ki poko gen 25 yo.

Nan nominasyon yo, chak ofisyèl ki eli ta dwe konsidere, pami lòt konsiderasyon, moun ki nonmen ki reprezante, oswa ki gen eksperyans nan defann, moun ki se Nwa, Latino, Endijèn, Azyatik, Zile Pasifik la, Mwayen Oryan, ak tout moun Koulè; imigran, moun ki limite nan angle, moun ki gen andikap, elèv, jèn, ansyen, moun ki LGBTQ+, moun ki enplike nan jistis, moun k ap resevwa avantaj piblik yo, moun ki abite nan lojman piblik, ak lòt moun yo. Yo dwe konsidere tou moun ki gen ekspètiz nan ekite rasyal oswa jistis rasyal.