Kesyon Vòt #1: Ajoute yon Deklarasyon sou Valè pou Gide Administrasyon an

BALLOT QUESTIONS

Three questions will appear on your ballot November 8, 2022. Learn more about what’s on your ballot below.

Kesyon Vòt #1: Ajoute yon Deklarasyon sou Valè pou Gide Administrasyon an

Pwopozisyon sa a ta dwe amande Manman Lwa Vil New York (New York City Charter) la pou:

Ajoute yon prefas, k ap yon deklarasyon entwodiksyon sou valè ak vizyon aspirasyon pou “yon vil jis e ekitab pou tout” rezidan New York yo; epi

Mete nan prefas la yon deklarasyon ke Vil la dwe fè efò pou rezoud “mal ki pase e k ap kontinye sa yo epi pou rekonstwi, revize e reimajine fondasyon, estrikti, enstitisyon ak lwa nou yo pou ankouraje jistis ak ekite pou tout rezidan New York yo.”

Prefas la vize gide administrasyon Vil la nan akonplisman devwa li yo.

Èske pwopozisyon sa a dwe adopte?

Tèks abstrè bilten vòt

Pwopozisyon sa a kreye yon prefas pou Manman Lwa Vil New York (New York City Charter) la.

Yon prefas se yon deklarasyon nan kòmansman yon dokiman legal ki eksplike objektif li. Manman Lwa Vil New York pa gen yon prefas pou kounye a. Ajoute yon prefas ta pèmèt rezidan New York yo adopte yon vizyon ak deklarasyon sou ka fondasyon ki gen entansyon gide administrasyon vil la nan ranpli devwa li yo.

Men sa w ap jwenn nan prefas Manman Lwa Vil New York la:

Prefas

Nou menm, moun ki nan vil New York, nou deklare vil nou an se yon demokrasi miltirasyal, e divèsite nou se fòs nou. Nou onore epi respekte kilti, lang ak istwa tout moun k ap viv e ki te viv sou tè sa e ki konsidere l kòm lakay yo, epi nou selebre imajinasyon revolisyonè yo, kouraj ak rezistans yo.

N ap fè efò pou nou vin yon vil kote yo rekonèt epi aksepte valè, talan ak kontribisyon chak rezidan New York, epi kote ekite ak enklizivite, otonomi kominote a, aksesiblite ak opòtinite pou chak rezidan New York se estanda enkondisyonèl nou gen responsabilite pou nou kenbe nan tout aspè nan gouvènans, biznis ak livrezon sèvis.

Nou fè efò pou asire ke chak moun ki abite nan vil New York gen opòtinite pou yo pwospere ak:

  1. yon anviwònman moun viv an sekirite, an sante e dirab;
  2. yon katye fleksib ki sèvi ak enfrastrikti ak sèvis bon jan kalite e aksesib ansanm ak yon ekonomi lokal solid;
  3. espas piblik vivan e akeyan atravè vil New York, kote tout moun jwenn plas yo epi yo ka deplase libelibè;
  4. resous ki nesesè pou pwospere ekonomikman epi bati richès;
  5. lojman sekiritè e abòdab;
  6. bonjan kalite sipò pou timoun ak jèn nan domèn kiltirèl, tankou edikasyon pou timoun piti soti nan prematènèl jiska douzyèm ane;
  7. swen sante, twomatis ak swen sante mantal ki gen konpasyon e adapte ak kilti a;
  8. aksè ak opòtinite pou patisipe yon fason klè nan desizyon gouvènman an; epi
  9. tretman imanitè, senpati ak respè.

Nou rekonèt vil New York chita sou teritwa tradisyonèl premye abitan li yo, moun Lenape yo, epi n ap fè efò pou nou onore fason yo te jere tè a lè nou pwoteje anviwònman nou ak tout bèt vivan yo.

Nou rekonèt gwo enjistis ak atwosite ki fè pati listwa peyi nou an, tankou esklav Afriken yo ki te konn travay fòse, kolonyalis ki te deplase moun endijèn yo pou kite tè yo, devalorizasyon epi mal peye travayè imigran yo, ak diskriminasyon, segregasyon rasyal, anprizònman anmas ak lòt fòm vyolans ak inegalite sistemik gwoup majinalize, tankou, Nwa, Endijèn, Latinx, Azyatik, Zile Pasifik la, Mwayen Oryan ak lòt Moun ki gen koulè, fanm, minorite relijye, imigran, moun ki LGBTQ+, moun ki andikape ak lòt ankò kontinye ap fè fas. Nou rekonèt tou ke enjistis sistemik sa yo nan fondasyon anpil nan estrikti sosyete a ak enstitisyon, epi yo te lakòz gwo domaj fizik, emosyonèl, sosyal e sikolojik pwofon ak chòk lakay moun, fanmi ak kominote yo. Yo te lakòz tou pèt toupatou nan opòtinite ekonomik ak richès entèjenerasyonèl. Efè mal sa yo pwofondeman anrasinen, sistemik e y ap kontinye. Nou dwe toujou sonje nou dwe vijilan pou anpeche repetisyon mal ki pase yo oswa pou yo kontinye vin pi grav. Nou dwe aji entansyonèlman pou rezoud mal ki pase epi k ap kontinye sa yo epi pou rekonstwi, revize e reimajine fondasyon, estrikti, enstitisyon, ak lwa nou yo pou ankouraje jistis ak ekite pou tout rezidan New York yo.

Valè kolektif ki tabli nan prefas sa a pral gide fonksyònman administrasyon vil nou an epi enfòme epi fòme fason vil la pral egzekite devwa, obligasyon ak otorite l yo, epi defann ak pwoteje dwa ki tabli nan manman lwa a.

Nou menm, moun ki nan vil New York, nou ini nan detèminasyon nou pou konstwi yon vil jis e ekitab pou tout moun, rekonèt efò rezidan New York sa yo, pase ak prezan, ki te goumen pou ekite rasyal ak jistis sosyal, onore kontribisyon moun New York ki te soufri nan non libète, epi rekonèt tout moun ki te goumen, bagay e reve pou yon lavi miyò ak yon pi bon vil. Ansanm, nou kanpe sou zepòl yo pandan n ap avanse avèk fòs konviksyon nan direksyon yon demen ki pi briyan pou tèt nou, pitit nou yo ak jenerasyon k ap vini yo.

Pwopozisyon prefas sèvi pou gide ajans ak dirijan vil yo nan akonplisman fonksyon yo anrapò ak planifikasyon, revizyon pwogram ak odit. Li pap kreye yon dwa dirèk oswa endirèk nan pou aplike kondisyon li yo oswa egzijans nenpòt lòt dispozisyon lalwa. Li ta dwe antre an vigè yonfwa sètifikasyon elektè yo apwouve amandman sa yo nan Manman Lwa a.